Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Biyografi

Sou paj sa w ap jwenn biyografi tout ekriven ki pibliye yon atik kèlkonk sou ZABOKA-MAGAZIN.

BIYOGRAFI - Rubin JEAN-JACQUES

Rubin Jean-Jacques

Rubin Jean-Jacques

Rubin Jean Jacques fèt jou ki te 2 oktòb 1993 la. Rubin se yon senp non Ki sèvi yon diplis pou bay kreyòl la nanm.

 

Powèt ekriven sa a jwenn batèm li nan yon wonn fòmasyon nan zòn Ti gwav Ki rele "ANA" sa Ki vle di: (Atelier des Apprentis Narrateurs). Depi lò sa a powèt la pral charye yon pakèt lide deyè tèt li.

Youn nan premye lide sa yo se fè etid li nan lekòl nòmal wonivo, kote jounen jodi a li se etidyan Ki sou wout pou fini nan depatman literati .

 

Pi douvan li pral patisipe nan bay jarèt ak anpil lide tankou "Vendredi Harmonie", "kolektif pigman"," Amical Littéraire" ak anpil lòt mouvman li pral patisipe pou fè literati a mache trape moun tout kote nan sosyete a.

 

Pi gwo reyalizasyon li konsidere tèt li, li fè, se kreyasyon magazin literè Ki rele: ZABOKA-MAGAZIN ki la pou pèmèt yon bon pwomosyon pou lang kreyòl la, kote tout ekriven kapab pibliye epi komantè libelibè nan bon jan kreyòl sou magazin sila.

 

 

Aktyèlman powèt la ap travay sou piblikasyon premye rekèy li Ki se : PYE GOCH .

 

  • Biyografi sa se James HARMONIE ki redije l
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article